Tribinal Depè Pòdpè a akeyi pwestasyon sèman 2 nouvo etidyan finisan jounen lendi 11 septanm 2023 a.

752

Marco Louima ak Wisline Marc, se non 2 nouvo etidyan finisan ki pwete sèman nan tribinal Depè Pòdpè a, kòm “Fonde Pouvwa”.

09-11-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Nan prezans plizyè avoka, fonde pouvwa, ak divès envite, Mèt Maxime Dumagène, jij sipleyan nan tribinal Depè Pòdpè a, resevwa jounen lendi 11 septanm 2023 a, prestasyon sèmen 2 nouvo etidyan finisan, k’ap gen pou al milite kòm “Fonde Pouvwa”.

Apwè 2 resipyandè yo te fin solisite lapawòl, Mèt Maxime Dumagène, ta pral esplike yo frajilite pwofesyon an e montre wout pou yo pran nan kad moral pwofesyon an.

Li rapouswiv pou mande mesye dam yo, pou respekte sèman yo te fè; pou majistra tribinal Depè Pòdpè a, 2 nouvo “Fonde Pouvwa” yo, pa dwe bay lajan twòp plas nan lavi yo paske wòl yo, se defann vèv ak òfelen.

Comments are closed.