Gwoup Kassav : Jacob Desvarieux mouri swit ak enfeksyon kovid-19

918

07/31/2021

Gwadloup____(TRiboLAND) Youn pilye nan muzik antiyès la, ko-fondatè gwoup Kassav nan peyi Gwadloup, Jacob Desvarieux mouri akoz kovid vandredi 30 jwiyè 2021, nan lopital Abymes nan Gwadloup.

Desvarieux nan tèt kole ak zanmi li, Pierre-Eduoard Decimus te kreye group Kassav nan lane 1979; yon gwoup muzikal ki te genyen anpil suksè. Li te pèfòme atravè plizyè kontinan e resevwa yon seri pwi onorifik ekstraòdinè.

Jacob Desvarieux ki se Papa muzik ZOUK la, mouri a laj 66 lane e li te nan koma pou plizyè jou apwè enfeksyon kovid-19. Se yon gwo kou pou muzik antiyèz la. Ke nanm chantè a, aranjè a, pwodiktè a repoze nan la pè.

Comments are closed.