Rose, yon ti fiyèt 13 lane arive ansent apwè 7 bandi vyole li nan Petyonvil

2,225

09/07/2021

Petyonvil______(TRiboLAND) Rose, yon ti fiyèt 13 lane arive ansent apwè 7 bandi sangwen nan Malik nan komin Petyonvil arive fè kadejak sou li, dapwè yon repòtaj Radyo Tele-Karaib, nan Pòtopwens.

Rose, ke vrè non an pa divilge an piblik, te lakay yon bèlmè ki pote non Sandrie Saint Germain kap viv nan Montay Nwà, nan Petyonvil. Papa Rose kap vivan pwovens te remèt bèlmè a ti fiyèt e pati pa janm konnen ki sa Rose devni. Konsa, Sandrie ap malmennen Rose e menm arive mete l deyò jiskaske 7 bandi sangwen san manman arive pran inosan an, mare bouch li, ale Malik avèk li e vyole l lachman.

Rose depi zak malonèt la ap viv nan agoni; malgre efò li fè pou depoze yon plent nan DCPJ ki pase nan farin. Gen nan bandi yo ke yo te arive arete, men ki lage apwè e menm menase vi Rose. Ansent gwo vant ap dòmi nan machin, Rose deja ap konte jou pou akouchman e pa ta vle fè bebe a nan machin nan. Li deklare pafwà li pase konbyen jou san manje.

Rose ki genyen sèlman trèz lane, pafwa genyen nan tèt li pou mete fen a vi li. Sousi pwimòdyàl li, se swete jwen yon chanm kay pou akeyi bebe a e jwen yon ti komès ki kapab pèmèt li goute dlo sèl nan yon peyi ki tou senpleman ofwi dirijan iletre ak politisyen kòwonpi ki pa sispan touye jèn timoun mwnm avan yo parèt nan lavi.

Si se te nan peyi ki genyen dirijan tèt dwàt e ki pa sangwen ak vòlè, sèvis sosyàl tap gentan atrap yon parèy ka e menm tradwi tout koupab yo devan lajistis pou abi ou abandon minè; kòmanse sou responsab sèvis sosyàl, pase pran Sandrie nan Montay Nwà, responsab DCPJ ak tout bandi yo ki komèt yon parèy krim.

Comments are closed.