Kan Avyasyon, yon veritab sit fatra devan pòt divès gwo enstitisyon nan vil Pòdpè.

1,502

Pòdpè ap konnen yon lavi difisil, fatra ak bèt ta sanble soti pou viv menm kote ap kretyen vivan.

03-01-2023

Pòdpè, Ayiti_(TRiboLAND) Pou abitan kap viv nan zòn Kan Avyasyon ak zòn ki antourel yo, bagay la dejenere nan dènye moman sa yo. Devan papòt legliz, lekòl ak rezidans anpil gwo chabrak, fatra ak zannimo ap taye banda.Tout sitwayen se dwèt sou bouch. Pèsòn pa mande sa yo pote pou vann vwa pou ta medite sou konsekans yo.

Lamèri ògàn minisipal kisa sipoze prezan nan ranmase fatra, oubyen jere fatra a kòm yon sous ekonomik malerezman pa egziste nan vil Pòdpè, men poutan ki la anchalkalis ap resevwa chèk ki fèt sou zo ren kontribyàd yo chak fen mwa.

Nan kèlke mwa,ki pral avni vil la? Èske sosyete sivil la,deside kwaze bwal ap gade vil la kap naje sou yon seri piramid fatra?

La fanmiw, legliz, lekòl, medya yo dwe rele dèyè tèt yo pou yon ti jan ranmase karaktè yo, paske se sou “PIL” la y’ap viv. Se egalman yon enperatif pou genyen konsyantizasyon ou meditasyon ki fèt sou yon parèy dram; epi fè gwo deba sou avni vil Pòdpè, paske vil site Kapwa Lamò a pa ka kontinye ap naje nan yon lanmè fatra; fòk emèjans konsyans sosyal la fèt.

Comments are closed.