Senlwidinò Ekonomi: Machann ak peyizan yo mande otorite yo debloke peyi a, pou pwodwi lokal yo kapab vann.

804

04 – 04 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Peyizan ak ti machann kap vann pwodwi lokal yo, mande otorite yo, debloke peyi a kap sibi tout kalite chòk, pou sosyete a rale yon souf.

Machann yo fè kwè pwodwi yo pa vann akoz kriz politik ak ekonomik peyi a konnen depi yon bon bout tan. Otorite yo pa fè oken jefò pou debloke popilasyon an ki antase nan yon veritab prizon san konn kilè sa ap chanje pou yo.

Machann yo ki tap eksplike ke yo pase jounen yo blanch paske lòt depatman yo bloke; machann pa ka rantre nan komin nan pou vin achte pwodwi lokal yo. Pou peyizan yo, se lamizè ak povrete ekstrèm nan kap ogmante nan popilasyon vilnerab sa la, ki pa ka bay tèt li yon bon pla manje cho pandan yon jounen vin anpire pi mal.

Machann ak peyizan yo deside mete pye yo nan lari pou fòse otorite yo manifeste volonte ak bon sans yo pou retire peyi a nan maras sa a.

Comments are closed.