Nòdwès / Jean Rabel: Pastè Robert Ulysse fè divès pwopozisyon pou fini ak Kriz santi kri peyi Dayiti a

0 879

Ansyen Minis San Pòtfèy sou gouvènman Boniface / Latortue a nan lanne 2004 yo, Rev. Pastè Robert Ulysse, yon natif natal 2èm Kominal Jean Rabel, nan yon konferans pou Lapwès, jounen Jedi 2O Fev. 2020 saa, fè divès pwopozisyon k ap pèmèt peyi PaPa Desalin nan kap viv nan kras depi yon bon bout tan konnen yon lòt mòd lavi. Pwopozisyon sa a ki se yon Modèl Envestisman Prive pral ede peyi Dayiti ratrape tout reta li te pèdi yo onivo devlopman.


Pwopozisyon saa tou ki gen pou chita sou yon Patenarya Piblik ak Prive ant Leta Ayisyen ak Envestisman Etranje gen pou reyalize travay sa yo :


1. Wout Seksyon kominal yo kap mennen nou nan vil yo ki dwe Betone ansuit Asfalte.

2. Konstrikyon ak Amenajman Ayewopò nan 10 depatman jewografik peyi Dayiti.

3. Etabli answit devlope divès kominote modènn nan 10 Rejyon nan Peyi a .

4. Konstwui ansuit fè fonksyone izin ki pou bon trete pou nouvèl kominote sa yo.

5. Pwodui elektrisite ak bon dlo an kantite pou reponn ak bezwen tout popilasyon ki tabli l sou Tèritwa Ayisyen an.

6. Konstrikyon ak Amenajman Pò Modèn bò lanmè pou fè fonksyone tout peyi a.

7. Pou n fini, konstwui Lopital Modènn, Lekòl Klasik ak Teknik, Kanmpous Inivèsitè pou jènn yo atravè peyi a, pou n site sa yo sèlman …

Pastè Robert kontinye pou l di: Aplikasyon yon tèl Modèl kap etann li sou peryòd 12 lanne kote nap bezwen 10 Milya US pou n kòmanse, ap kapab sove peyi Dayiti fas ak dezas ekolojik li answit lap la tou pou jenere anplwa an grann kantite kap bay tout sitwayen ki kapab opòtinite pou yo travay.

Orijinè Jean Rabel la, Rev. Pastè Robert Ulysse, di l swete dirijan yo nan peyi Dayiti panche sou pwopozisyon sa yo ki vital pou peyi a; sa vle di li pral pèmèt non sèlman devlopman tabli sou Tèritwa papa Nasyon an (Jean Jacques Dessalines) men tou sa pral anpeche Jenès Ayisyènn nan kouri pati kite peyi a pa bann e pa pakèt pou yo al chèche lavi miyò lòt kote.

Tout Ayisyen / Ayisyèn ki ta renmen chanjman pou peyi saa kapab vizite site saa pou kòmantè ak sijesyon paske se sèlman Granmèt la ki kòrèk answit ki pafè, dapwè Lòm de Dye a, Pastè Robert Ulysse.

www. robert ulysse.com

Saint Jean Wiskis / TRiboLAND

Leave A Reply