Genyen yon paspò, se priyorite pweske tout kouch sosyal nan sosyete ayisyèn nan.

1,354

02 -27-2023

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Depi soley leve joukaske l kouch e menm pandan lanjeslis pou lalinn klere, biwo imigrasyon nan vil Jeremi pa gen kote pou pike epeng ak sitwayen ayisyen ki mobilize pou kouche paspò.

Lapolis, timoun, kou granmoun, moun ki genyen mobilite redwit, yo tout pote boure pou profite program imanitè Joe Biden nan. Antouka, règ jwèt la, se kouche yon paspò pou kite sòl papa Dessalin lank e anpil nan yo konsidere tankou lanfè sou tè.

Moun sou beki, chèz woulan, fanm ansent kou timoun, yo tout manifeste pou ale nan peyi blan meriken. Pou anpil nan yo se pran vòl direk pou latè promiz.

Moun mobilite redwit manifeste kontantman pou kouche paspò nan Jeremi pou antre nan peyi Etazini.

Se vre yon timb paspò vann nan (DGI) 8000goud, e matrikil fiskal 1000goud; sa pa anpeche lè yon moun resi rive nan perimèt biwo imigrasyon an nan Jeremi, tout done yo chanje an mèt dàm ak raketè.

Kidonk, plenyen bouch gonfle yo pa piti nan mikro TRiboLAND. Pou yon group sitwayen kap boske paspò, yo kalifye espas imigrasyon an kòm yon sanktyè raketè ki jwen benediksyon responsab yo nan enstitisyon an, kote yo reklame 50,000goud, 75,000goud jiska 100,000goud pou kouche yon paspò, ki se yon veritab krim! Yon kote raketè ki jwenn favè ak pwoteksyon responsab yo ki reklame 50000goud,75000goud jiska 100000goud pou fè yon paspò sa ke yon konsidere kom krim.

Sa ki pirèd, ajans sansi ki nan konfyolo ak gouvènman Ariel Henry, antre e sòti Pòtopwens pou vinn fè fòtinn.

Comments are closed.