Lansman ofisyèl chanpyona eskolè nan komin Karis

937

02-27-2023

Karis, Ayiti ______(TRiboLAND) Responsab spò nan komin Karis lanse jounen dimanch 26 fevriye 2023 a ofisyèlman Chanpyona eskolè yo nan prezans anviwòn 8 lekòl kap gen pou patisipe nan konpetisyon sila.

Divès sitwayen, direktè lekòl, Komisè polis la ak divès lòt fanatik foutbòl tef è remake prazans yo. Teren foutbòl la te ranpli avèk fanatik 2 lekòl ki tap louvri chanpyona a: College Grande Famille Carice ki tap jwe anfas Noyau du Savoir, kote ekip Grande Famille fini avèk Noyau avèk 2 gòl a zewo.

Me kòman kalandriye a te planifye : Noyau VS CGFC, CNGC VS Collège saint Paul, Lathe VS Antoine du pre, Echo VS Noyau, CNGV VS CGFC, Dupré VS st Paul, Noyau VS Lathe, ECho VS CFGC, Dupré VS CNGC, LAthe VS CGFC, Saint Paul VS Echo, Dupré VS Noyau, CNGC VS Echo, Saint Paul VS Lathe, CGFC VS Dupré, Saint Paul VS Noyau, Lathe VS Echo, CNGC VS Noyau, Dupré VS Echo, CNGC VS Lathe, Saint Paul VS CGFC pou site sila yo sèlman .

Nap raple pandan lansman ofisyèl la nou pat remake prezans otorite minisipal.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.