Gérard Latortue, ansyen PM Dayiti 2004 – 2006, kraze yon kite sa!

1,537

02-27-2023

Gérard Latortue, ansyen lokatè Primati a nan lane 2004-2006, di planèt la babay maten lendi 27 fevriye 2023 a, daprè plizyè media lokal nan kapital la.

Se nan lane 2004, aprè tonbe Jean Bertrand Aristide, antite deregle entènasyonal la ki toujou ap chwazi pou peyi Dayiti a, te fè chwa Gérard Latortue kòm premye minis ki ta pral akoste Boniface Alexandre nan yon konjonkti tranzisyonèl.

Bò kote pa li, Premye minis aktyèl Ariel Henry, pat pran tan pou te reyaji fas ak desè Gérard Latortue a, ki mouri aprè konplikasyon yon maladi. Pou Ariel, se yon gro defisi pou peyi Dayiti. Li kalifye Latortue kòm teknokrat, yon patizan demokrasi ak yon patriyòt bèl longè ki kite nou jodia, daprè PM konteste a ke anpil moun kalifye kòm ekonpetan ki efondre Ayiti pi plis toujou jounen jodia.

Konsa, Gérard Latortue se te yon natif Gonaiv, li te fèt 19 jwen nan lane 1934. Ke nam li repoze nan lapè etènèl!

Comments are closed.