Anplwaye nan pak endistriyèl Karakòl pa sipann manifeste kont manm sendika yo revoke.

832

02-24-2023

Karakòl, Ayiti _____(TRiboLAND) Jounen vandredi 24 fevriye a, travayè yo manifeste nan Pak Endistriyèl Karakòl nan depatman Nòdès la. Manifestan yo kap travay nan konpayi “Mas Akansyel”, denonse revokasyon manm sendika anplwaye yo.

Travayè konpayi “Mas Akansyel” ki okipe yo plis nan sektè twal la, ankòlè depi jedi 23 fevriye a, kote yap denonse revokasyon manm sendika parèy yo. Tout aktivite yo te sispann pou dezyèm jou konsekitif nan kad manifestasyon anfavè anplwaye ke yo estime responsab yo revoke mal.

Yo menase pou fèmen pòt Pak Endistriyèl Karakòl la, si responsab konpayi yo pa rekonsidere desizyon yo pran an.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.