Yon otobis ki fè trajè Senlwidinò-Pòtoprens pran dife nan Mònn Kabwit

1,134

02-24-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Se maten jodi vandredi 24 fevriye 2023 a moun nan  rejyon Mònn Kabwit, gro flanm lafimen tap paweze nan sèl ble lokalite a ki te panike nan moman yon otobis tap pran dife.

Selon jounalis chevrone, Wilgens Devilas, otobis la se youn pami kamyon Dens Transpò yo ki asire trajè Senlwidinò-Pòdpè-Pòtoprens; li pran dife, nan moman li tap trese lèl ak wonfle nan pye Mònn Kabwit. Bis komèsyàl la te apènn kite kapital la, pou antre Pòdepè. Konsa, yon dife ke pèsònn poko rive detèmine orijinn li bwile kamyon an rapyetè.

Gro mizèrikòd, pèmèt ke pa genyen pèsònn ki arive mouri ou blese; sepandan, pasajè yo pa arive sove yon seri dokiman enpòtan, tankou paspò e latriye.

Comments are closed.