Moun Janklè nan komin Senlwidinò ap pare pou fete fèt patwonal Notre Dame de Lourdes an gran jan.

1,033

02-11-2023

Senlwidinò ,Ayiti___(TRiboLAND) Fidèl katolik yo nan Chapèl Janklè, 4èm seksyon Rivyèdèba ap prepare pou yo fete fèt patwon yo ki se Notre Dame de Lourdes angran jan ane sila.

Mal kon mizè, anpil ti jefò ap fèt selon mwayen popilasyon an kap fè fas kare ak kriz ekonomik tout kalite. Kidonk, preparasyon yon tanmen sou yon seri aktivite kiltirèl ki pral blayi nan mitan sitwayen Janklè yo ki vle fete an gran jan. Kòmanse sou konpetisyon foutbòl, rive sou sòlòkòtò mizikal, plezi pral mangonmen nan 4èm seksyon Rivyèdèba!

Nan nivo relijyez, responsab Chapèl Janklè, konte batize yon 50èn ti inosan ak 30 lòt kap genyen pou resevwa “Jezi Losti”. Konsa, lokalite a ap bouje, e popilasyon an bò kote pa li, deja antisipe yon reyisit total kapital, yon opòtinite ke yo pat genyen avan nan moman bandi sangwen tap teworize popilasyon an.

Nap raple, Reveran Pè Julio ki te abitye pote sèvis lamès pou kongregasyon Notre Dame de Lourdes la nan Janklè, te ekspilse nan moman bandi sangwen yo tap rache separe nan rejyon an.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.