YON NOUVO KOMISYON KILTIREL KWA WOUJ ENSTALE NAN KOMIN WANAMENT

1,189

10-11-2022

Wanament, Ayiti ___ (TRiboLAND) Yon nouvo komisyon kwa wouj jenes enstale nan vil Wanament, komisyon sa a fòme ak 7 manb gen pou misyon travay pou fe Kwawouj la tounen yon referans e swiv tras sila yo ki te deja travay kom volontè pou kominote a deja e òganize tout sa ki pral fe Kwawouj la bouje.

Komisyon sa fome ak plizye jenn ki soti anndan kominote a, e ki abitye kontribiye nan divès aktivite sosyàl nan devlopman kominote a, tankou:
1- Steevenson Jean Claude
2-Wilmane Duverne
3-Leandre Jocelaine
4- Valcourt Geraldin
5-Joseph Adeline
6-Milouse Casimir
7-Lionel Auguste.

Seremoni Komisyon an Dewoule an Prezans plizyè Volontè. Se manm komite Kwawouj Ayisyèn Wanament lan ki prosede enstalasyon nouvo komisyon an kap genyen yon manda 6 mwa, selon Sekretè komite Lokal Kwawouj Wanament lan, Beekenson Archange Ak konseye komite a ki se Marseille Kedesch. Yo fè konnen ke yo kwè nan kapasite komisyon an, malgre pa gen projè e Kwawouj viv de don ak kontribisyon volontè yo sèlman.

Konseye komite a te rapouswiv pou’l di ke se chak fen ane, toujou gen yon komisyon kiltirèl ki kreye pou akonpanye prezidan jenès la nan mete kanpe aktivite kiltirèl yo tankou reveyon, joune rekreyativ, konkou konesans jeneral, je korespondans ak fòmasyon sou istwa Kwawouj ak fòmasyon sou sekouris .

Jn Simon Manex

Comments are closed.