Rèl timachann yo nan Lèziwa makònen ak mizèrere e ensekirite jeneralize a.

1,094

Lèziwa, Ayiti_____ (TRiboLAND) Nou nan komin Lèziwa, yon lokalite ki plase byen
lwen Jeremi ki pi gro vil depatman Grandans lan.

Se yon zòn ki rich an resous maritime akote agrikilti ki chita sou rekòlt tankou bannan,yanm, pwa kongo ,mayi, pistach, kakao, fig bannann, kann anana e patat dous. Lapèch ofri anpil aktivite ekonomik tradisyonèl ki ede abitan Lèziwa yo pran jarèt, malgré se pa yon aktivite ke leta rantre tax ni envesti la dan l.

Dapwè sa yon ekip machan Lèziwa lage nan mikro TRiboLAND, se nan dòmi yon wè lavant; yon dividal machandiz pami yo pwason seche rete nan men yo kòm lajan kout ponya kap disparèt nan men yo, akoz ensekirite ki pa pèmèt yo antre Pòtoprens pou vann.

Nan sans sa a, Ti machann yo mande, swadizan gouvenman an, tankou òganizasyon entènasyonal yo, pou di yon mo pou yo, paske yo pakab ankò fas ak fenomèn ensekirite a.

Comments are closed.