Kidnaping pastè yo ap pwovoke revèy espirityèl nou bezwen pou n fè REVOLISYON total kapital la!

1,689

10/03/2021

Kòm nèg ki fèt e grandi nan Legliz pwotestan, mwen pa vle parèt sinik; men kè m pa sote pou pastè y ap rantre pran nan legliz. Federasyon Pwotestant; LEGLIZ Advantis, tout misyon yo pa vle fè yon konplo pozitif pou louvri Legliz yo pou malerèz, manman pitit, vèv vin priye pou mete baka deyò nan peyi a. Pa okipe pyès Legliz k ap envite nou vin fè jèn ak vèydenwi pou pastè yo kidnape. Nèg yo twò alèz nan fè kòb, yo bliye misyon yo, yo bliye òd “Grande Commission” Jezi te bay nan misyon l sou latè.

Nou bezwen lapriyè 24 sou 24; nou bezwen pou SENTESPRI menote bandi ki anndan LEGLIZ yo ki anpeche pèp BONDYE a jwenn bon jan nouriti pou nanm li e viv nan solidarite. Lajan Pastè yo pa vle depanse pou bay manje, achte rad, bay swe sante, bati lekòl, bati kay pou malere; y ap bay li kòm ranson. M ap mande evanjelis yo pou yo preche fidèl yo pou yo pa kontribiye nan okenn fon kidnaping pou libere pastè e pou fidèl yo sispann finanse vòlè ak kòb dim.

Kidnape 2, 3 pastè chak samdi/dimanch ap avanse koz WAYÒM BONDYE a. Bandi ak Bib ap sispann blofe moun. Nan sa nou ye la; fòk Legliz yo ta sou mòd ijans ni nan lapriyè ni nan fè zèv. Pa kriye pou pastè y ap kidnape, y ap peye sa yo fè. LEVANJIL se yon pwisans. Lè m t ap grandi, pastè pat gen repitasyon vòlè, menm lè genyen nan yo ki te konn fè dezòd; men se an kachèt. Jodia, nèg yo ap pèmèt nou konprann mesaj ki nan liv Oze a; sitou Oze 4.

Jodia, pastè ap monte desann al an vakans, poste foto sou instagram, ap fè chèlbè pandan pèp la nan malnitrisyon espirityèl. Malere ak malerèz sèvitè ak sèvant yo dwe kontinye priye paske fòk glwa BONDYE manifeste. Se Revolisyonè espirityèl nou bezwen; e se nan LEGLIZ pou Revolisyon an koumanse. Mwen konnen gen jenn fanm ak jenn gason anndan LEGLIZ yo k ap soufri anba men dirijan yo; men k ap priye. Se pou glwa LETÈNÈL manifeste e eklate. Papa YAHWEH ap pwoteje malerèz yo ki pa janm sispann fè vèydenwi tout kote pou peyi a pran souf.

Mwen, mwen pap dekouraje! Nèg mèt di m ap ankouraje kidnaping; mwen pap okipe yo paske tout moun konnen sèvo kidnaping lan se nan ANBASAD yo ak ONG yo yo chita; se sou lòd DEPATMAN DETA ak CIA kidnapè yo ye; se BIGIO k ap alimante bandi yo, kidnapè yo ak zam. LEGLIZ JEZIKRI a pap sipòte grangou ak malsite; kidnapè ap kidnape pastè k ap kidnape fidèl nan kase ponyèt yo pou kòb di m ki pral achte kay pou ti fanm yo pou yo fè krèy.

Pèp BONDYE a dwe leve kanpe pou mete tout kalite kidnapè deyò nan peyi a. LEGLIZ CIA ak MOSSAD yo gen pou kraze nan peyi DAYITI! Misyon vrè LEGLIZ BONDYE se kanpe pou defann pòv yo, moun k ap soufri yo! JEZIKRI kapab! LETÈNÈL ap fè glwa li eklate! Kidnapè yo pap fouti fè dezòd nan Legliz kote gen moun k ap priye. Lè m t ap grandi, bandi pa t ap janm pran chans vin fè kalite dezòd sa yo nan LeglizdeDye ri di sant ak LeglizdeDye Lapwofesi nan Bisantnè. Nèg Legliz yo dwe sispann fè pati politik; men konsantre yo pou bay LEVANJIL la e ede pèp BONDYE a grandi nan lafwa. Se lanmou ki zam Revolisyon nou dwe fè pou kwape fòs fènwa nan peyi JEZIKRI bay PAPA DESSALINES nan!

Sèvitè ak sèvant ki pap fè bak fas ak kidnapè yo, kontinye lapriyè, fè vizit misyonè Lopital, nan prizon e viv nan solidarite!

Sonje, se ongan ak kabalis franmason k ap bay bandi pwen pa pran bal ak disparèt; e gen pastè ki nan lòj ki kosyone dezòd sa yo. Nèg yo ap fè zonbi ak fè moun tounen bèf pou yo vann; Pastè yo konn sa; men se kache yo voye madanm yo ak pitit yo al kache lòtbò, epi y ap brase fidèl yo; y ap brase moun, brase kòb! Sonje JEZIKRI te mete bandi yo deyò nan Tanp lan ak koutpye! Fòk bandi kidnapè rantre pran bandi parèy yo ki anndan LEGLIZ!

N ap viv pou n wè Laglwa BONDYE eklate ann Haïti!

NAMASTE! SHALOM!

Kerlens Tilus 10/03/2021
SNEL76_2000@YAHOO.COM
Tel: 631-639-0844

Comments are closed.