Nan kad pwogram devlopman kominotè (HHF) atravè Sant Leadership Jènn, anviwon yon twantènn jènn gradye.

56
0
Share:
TRiboLAND

07- 06 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kad pwogram devlopman kominotè, Fondasyon Ayisyènn Sante atravè Sant Leadership Jènn yo nan Jeremi, yon seremoni gradyasyon realize nan lokal Sant Espwa a, kote ke anviwon yon twantènn etidyan resevwa sètifika aprè yon peryòd si mwa fòmasyon sou diferan metye nan domèn atizanal ak tematik sou angajman ak Leadership kominotè.

Jènn leader sila yo ki te rekrite atravè kèk katye popilè nan vil Jeremi, pwomèt angajman, responsablite e pou sèvi kòm modèl anba je jenès la, sitou nan kominote kote ke yo ap viv la.

Yon parèy seremoni, pat kite divès sèktè endiferan; anpil kouch nan sosyete jeremyènn lan aplodi yon parèy inityativ ki arive fèt sou lobedyans Fondasyon Ayisyènn Sante ki definitivman kwè nan envesti nan moun sitou jènn jovi yo.

Share:

Leave a reply