Plizyè enstitisyon piblik tankou prive fèmen pòt yo nan Site Kapwa Lamò a, jounen mèkredi 20 septanm 2023 a.

827

09-20-2023

Pòdpè, ayiti__(TRiboLAND) Jan sa te anonse nan dat 18 septanm 2023 a, konfòmeman ak sikilè gouvènman defakto Ariel Henri a, plizyè enstitisyon piblik tankou prive fèmen pòt yo jounen mèkredi 20 septanm 2023 a.

Gouvènman defakto Ariel Henri a, ta pral pran desizyon pou deklare jounen 20 septanm 2023 a, konje nasyonal, se nan lide pou rete solidè e raple nasyon an, nesans gwo potorik gason sila, ki pote non Jean Jacques Dessalines, ke tout moun konnen kòm Papa nasyon an.

Nan vizit korespondan TRiboLAND yo tap fè nan site Kapwa Lamò a, yo pa remake reyèlman genyen aktivite k ap fèt ki gen rapò ak nesans Anperè Jean Jacques Dessalines; sepandan nou remake pòt enstitisyon piblik yo rete fèmen alòske, plizyè lòt nan sektè prive a, ouvè 2 batan.

Comments are closed.