Òganizasyon vizyon ayisyènn dwa moun mande otorite lajistis yo pou yo ekate majistra ki pa sètifye yo nan sistèm nan.

834

02-19-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon komike pou laprès, Vizyon Ayisyènn Dwa Moun mete deyò nan dat samdi 18 fevriye 2023 a, yon envitasyon bay Ministè Lajistis ak Sekirite Piblik ansanm ak CSPJ pou fè yon fason pou mete nan kanpe lwen tout majistra ki pa sètifye nan tribinal yo, nan pakè yo ak nan Kou Kasasyon yo atravè repiblik la.

VHDH estime konsèy pouvwa jidisyè ak CSPJ repwoche konpòtman imoral ak kòwonpi majistra yo atravè rapò konsèy teknik sètifikasyon an CTC a.

Toutfwa, òganizasyon VHDH raple li kwè se yon konsèp ki fè referans ak entegrite, respè prensip majistra yo, lajistis pa dwe konfye nenpòt moun nan sistèm nan.

JOICY Arnold

Comments are closed.