Sekouris gwoudou gwoudou yo jwen 24 viktim vivan apwè plis pase yon semèn anba dekonm

1,781

08/24/21

Kàt ti inosan e ven granmoun ki te disparèt pandan gwoudou gwoudou 14 out 2021 an nan peyi Dayiti, arive sove dimanch 22 out 2021 an anba dekonm apwè plis pase yon semèn antòtye nan Pik Makaya, nan Sid peyi a.

Selon yon tweet pwoteksyon sivil, 24 konpatriyòt yo te transpòte nan elikoptè nan Kanperen pou al pran swen ke ka yo nesesite. Ajoute ak sa, suvivan sa yo te resevwà asistans alimantè ak kit ijyènik jan sa dwe fèt, dapwè yon responsab pwoteksyon sivil.

Comments are closed.