Delegasyon depatmantal branch Nòdwès, nan tèt kole ak patnè l yo òganize 2 jounen Fowòm nan dat 17, pou rive 18 fevriye 2023.

889

Se sou tèm”Estrateji Nasyonal Dezameman, Demantèlman epi Reyensèsyon-Rediksyon Vyolans Kominotè nan peyi Dayiti”, delegasyon depatmantal branch Nòdwès la òganize 2 jounen fowòm nan site Kapwa Lamò a.

02-18-23

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan prezans divès otorite jidisyè, polisyè ak sosyete sivil òganize Nòdwès la; delege depatmantal la, Sony Dordoille nan tèt kole ak Leta ayisyen, PNUD, òganize 2 jounen fowòm sou Vyolans Kominotè.

2 jounen fowòm sa yo, te rive dewoule nan lokal Kasika Lakoup, nan vil Pòdpè, sòti 8è pou rive 4è, kote divès atelye travay te rive tanmen.

Pou klotire 2 jounen bwase lide sa yo, divès gwoup te travay sou divès kòz ak pis solisyon pwoblèm sou Vyolans Kominotè nan Peyi Dayiti, yon mannyè pou rive wè nan ki mezi yo kapab sène fenomèn sila.

Pataje gwo dout sou enpòtans 2 jounen fowòm sila yo, patisipan yo gen gwo kè kase, pou seri rekòmandasyon yo; yo pè pou pa pèdi nan poubèl listwa, lè yo konsidere gouvènman ki la a, ki pa gen okenn volonte pou kwape fenomèn Vyolans lan.

Nap raple, menm jan ak deklarasyon sitwayen nan fowòm vil Jeremi a, plizyè sitwayen nan vil Pòdpè ta sispèk se yon lajan gouvènman PHTK a ap prese lave ou bwase.

Comments are closed.