Fondasyon TRiboLAND Pral òganize yon seminè sou “Dekorasyon” nan Karis gratis.

1,141

02-18-2023

Karis, Ayiti ____(TRiboLAND) Toujou nan lide pou mete plis konesans nan tèt jèn yo, TRiboLAND Media Network an kolaborasyon ak Fondasyon TRiboLAND pral fasilite plizyè jenn fanm ak jenn gason pran plizyè fòmasyon pou pèmèt yo ranfòse konpetans abilite yo sou mache travay la.

Se nan objektif sila a, nan fen mwa fevriye kap vini la, Fondasyon an atravè plizyè fòmatè ap òganize yon gran seminè soti 25 rive 26 fevriye 2023 nan Sal Pawasyal Karis la, kote jèn sila yo pral aprann anpil nan sa ki genyen pou wè avèk “Dekorasyon”. Fondasyon TRiboLAND mete fòs li pou l fòme jèn. Li vize envèsti nan plizyè jèn menm jan li deja kòmanse fè sa nan plizyè kwen nan depatman Nòdwès la.



Yon gwoup jèn trè motive ki gen nan tèt li Jn Simon Manex e Louendy Jean, Suzane Augustin, Lumanise Lucien, Jouvelie Augustin kòm fasilitatè deja kòmanse faz preparasyon yo. Inisyativ Fondasyon TRiboLAND lan, deja jwen benediksyon diferan lidè kominotè ki pa sispan ankouraje e motive jènn yo nan sèvi popilasyon yo nan Nodès peyi a..

Fondasyon TRiboLAND an ap tann tout moun ki kwè nan pataje konesans avèk jèn e li mande tout moun pote kole epi toujou rete enfòme sou sa kap pase atravè planèt la avèk TRiboLAND Media Network.

Comments are closed.