Premye jounen Fòmasyon gratis Fondasyon TRiboLAND nan Kapoti

06 – 08 – 2024
Kapotiy, Ayiti______(TRiboLAND) Yo te plizyè douzèn jèn fanm ak jèn gason ki te soti nan diferan rejyon maten jodi 08 jen 2024 la, pou vinn patisipe nan pwemye jounen fòmasyon gratis sou serigrafi nan Kapoti, depatman Nòdès peyia.
Anime avèk anpil kontantman, aprenan yon pat kapab tann pou anbwase premye seyans aprantisaj la, tou swit aprè ke PDG Fondasyon an, Louis Louissaint, Alyas Papa Loulou te finn pran lapawòl. Antousyasm ak fairplay te orandevou, avèk yon fòmatè pwofesyonèl nan nivo serigrafi ki tap depoze.

Prwemye jounen an demare avèk dekoupaj, yon teknik ki trè komin nan domèn “Silkscreen”. Li mete anfaz sou enpresyon nan serigrafi, kote ke aprenan yo pwal itilize yon ekran an swa ki pral fasilite transfè lank lan sou papye ou byen sou tekstil, metal, plastik elatriye.
Se te Enjenyè Louendy Jean alyas Loulou e Madam Erlla Myrtyl, vonlontye efatigab ki tap kowòdone yon parèy sòlòkòtò aprantisaj ki pa koute jèn Kapotiy yo senkòb chada. Felisitasyon egalman, pou fòmatè Wilberto Charles ki rekonèt ambisyon TRiboLAND lan, ki se “aprann pou ede lòt aprann pandan wap jere tèt you ekonomikman”.






