Leta ayisyen ap fè bwas pou enplante yon biwo imigrasyon nan vil Wanament pou moun fè paspò

762

02-17-2023

Wananment, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon rankont ki fèt pandan semèn 13 fevriye a, genyen responsab yon Fim a travè OIM ki te rankontre avèk responsab DGI a nan Wanament sou zafè biwo imigrasyon an.

Selon enfòmasyon ki rive arive soti, gen enjenyè kap sou plas pou yo kapab kòmanse enstale aparèy pou bay popilasyon an sèvis, patikilyèman nan kouche paspò. Rankont sila te vini aprè plizyè sitwayen nan komin Wanament te leve vwa yo pou denonse move trètman, abi ak kalamite popilasyon an ap sibi anba men raketè. Atoufè grenn senk yo afiche gro zak eskanmòtè sou popilasyon an. Yo egzije sitwayen yo kouche paspò nan vil Twoudinò jiska 40000 a 50000 goud.

Kidonk, enstalasyon ak fonksyònman yon biwo imigrasyon, ap amelyore mizèrere popilasyon an, kote tout moun ap kapab fè paspò yo san pwoblèm. Se yonn pami pi gwo atant popilasyon an nan Wanament, Ferye, Fòlibète, Kapoti, Montòganize, Karis, Opèch pou n site kèk pami komin nan depatman Nòdès la.

Comments are closed.