Ayiti Sekirite : Administrasyon Jeneral dwann fè yon lòt gro sezi; materyèl radyo-kominikasyon sispèk

673
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Ajan dwanye yo nan Pòtopwens anonse ke yo arive mete men sou yon dwann ak yon latriye ekipman pou fè radòtè (radyokominikasyon) ak lòt materyèl ilegal ke yo te arive konfiske sou tèritwà nasyonal la. Enfòmasyon yo fè konnen ke kalite materyèl sila yo ke vrè itilizasyon yo pat janm deklare pat janm klè e yo te riske prezante danje pou sekirite peyi a ou trankilite piblik, daprè sa Administrasyon Jeneral Dwànyè (AGD) anonse.

Nan yon operasyon tranble janm nan kominn Miragwànn yè jedi 3 avril 2025 lan, ajan lòd yo arive poze men sou yon kannòt ki chaje avèk yon latriye telivizè an kontrebann, alòske pwodwi sispèk sa yo pat janm pase anba je sipèvizyon ladwann yo. Konsa, responsab yo prosede ak konfiskasyon materyèl sila yon bwit sou kou.

Nap raple, sezi dap piyanp sila yo antre nan kad pou mete yon ola sou bwiganday ilegal kap antre anndan peyia san kontwòl ladwann. Pi lwen responsab yo reyitere volonte yo ak angajman yo pou ranfòse mekanism kontwòl yo e mete men nan pat kasav tout sangwen akravat; enstitisyon an, rabat pou raple ke pwodwi kontrebann sila yo ap ratibwaze ekonomi peyia e reyèlman mete Leta ayisyen ajenou.

Nan sans sa, yo plis ke detèmine pou aplike lalwà jan sa dwe kont tout malveyan sanginè apatrid kap fè yon seri pwodwi kontreban antre nan peyia.

Share:

Leave a reply