3 bandi sangwen tonbe mòtèlman nan boukante kout zam ak lapolis nan komin Taba.

887

02-15-2023

Taba, Ayiti______(TRiboLAND) Lapolis Nasyonal Dayiti arive rekipere 2 pistolè Kalib 9mm jodi mèkredi 15 fevriye 2023, alòske 3 bandi sangwen ki te sou motosiklèt e ki tap boukante kout zam ak lapolis, tonbe mòtèlman anba kout zam.

Antouka, selon revelasyon yo, ajan PNH yo te jwen egalman yon seri lèt ki te nan anvlòp ke bandi yo tap eseye distribye bay rezidans yo nan Taba.

Comments are closed.