Pòdpè: 3 bandi apènn tonbe nan moman yo t’ap trese lèl pou fè yon kidnapping nan zòn Orel, komin Pòdpè

551

04/10/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) 3 bandi idantifyàb ap benyen nan san yo, plizyè zàm, telefòn ak mouchwa lèsen arive sezi apwè yon operasyon muskle fòs lòd yo efektye nan zòn Orèl, ki akèlke kilomèt site Kapwà Lamò a, jodi samdi apremidi 10 avwil 2021 an.

Selon yon jounalis TRiboLAND ki te sou plas, endividi sa yo ki ta sanble soti nan komin Sen Lwi Dinò, t’ap eseye trese lèl pou kidnape yon dàm nan lokalite Orèl. Konsa, lapolis ki te toujou veyatif te deja sou plas pou pran kontwòl yon parèy anlèlvman.

Operasyon sa ki te mobilize diferan inite nan PNH la e ki te genyen konplisite Komisè gouvènman an, Jean Volny Bellamin, te dure kèlke munit nan twoke kòn avèk bandi yo. Sepandan, resistans lan pat pran chè ditou ditou, alòske twa bandi yo pèdi vi yo nan echanj kout zàm ki te reyèlman lage anpil panik nan lokalite a. Enfòmasyon ki arive verifye, konfime gwo chèf gang notwà Komin Sen Lwi Dinò a, Level ke yo t’ap chèche tankou chyen fou, twouve’l pami kadav de lòt bandi ki rele Tanpèt ak Zayèl.

Konsa, yon lòt akonplisman nan pwomès otorite lokal yo nan Nòdwès ki sèmante pou yo pa kite aktivite bandi kidnapè ap pran jarèt nan yon depatman ki abitye chanpyon nan trankilite.

Genson Hyppolite

Comments are closed.