Enkyetid ak konstenasyon familyal nan Pòdpè : Ti Jonathan Mon Maître disparèt depi maten

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon jèn gason 19 lane ki rele Jonathan Mon Maître, ki pa twò familye ak vil Pòdpè lage gro enkyetid nan mitan fanmiy li depi disparisyon li jodi maten vandredi 18 jiyè 2025 lan.
Enfomasyon ki rive nan sal edisyon nouvèl TRiboLAND, fè konnen ke Ti Jonathan, ki genyen ti pwoblèm bonnanj, te soti kite lakay li byen bonè maten; yon sitiyasyon ki panike tout fanmiy lan ki te menm pran wout lapolis.
Jonathan, ki gen sou li yon mayo nwa ak yon ti bout short wouj ak yon sapat nan pye’l, se pitit yon fanmiy kap kouri pou ensekirite e ki fèk retounen vin abite nan Ri Dikè, vil Pòdpè, aprè plizyè tan yo te pase andeyò zòn nan. Nan moman yo tap entevni sou Radyo Marconi nan site Kapwa Lamò a; yo deklare ke Ti Jonathan pa konnen vil la byen, e sa ogmante risk pou li pa ka jwenn chemen lakay li.
Fanmiy lan mande tout moun ki ta jwenn Jonathan sou chemen yo oubyen ki gen enfòmasyon sou li pou yo rele imedyatman sou nimewo sa yo: 3647-0287 ; 3768-7368 .Yo mande angras egalman, nenpòt moun ki ta jwenn li mennen li nan komisarya ki pi pre a, nan vil Pòdpè.






