Nen pran kou, je kouri dlo! FJKL mande pou revoke Komisè gouvènman Miragwàn nan.

2,579

FJKL mande ak ministè Jistis pou revoke Komisè gouvènman Miragwàn nan pou tèt li ta egzekite yon bandi andeyò lalwa.

06-04-2022

Nan yon lèt ki rive jwenn minis jistis defakto a, msye Berto Dorcé, jounen vandredi 3 jwen 2022 a, Fondasyon Je Klere fè konnen yo estomake pou yon videyo kap fè laviwonn dede rezo sosyal yo; kote komisè gouvènman Miragwàn nan, Jean Ernest Muscadin ap egzekite Elvain Saint-Jacques “alyas ZO PWASON” san ke lalwa pa bay pwovizyon legal poul fè sa.

Fondasyon Je Klere nan sans sa a fè konnen, se pa premye fwa Komisè gouvènman Miragwàn nan ap fè jan de egzekisyon sa yo. Fondasyon an pwofite raple komisè gouvènman an ke peyi Dayiti genyen gwo angajman entènasyonal, lèl fè konnen peyi a, ratifye Pak Entènasyonal dwà sivil ak politik, Konvansyon Intèramerikèn dwa moun San konte divès lòt Pak.

Yon lòt bò, lèt sa a leve plim sou do divès sitwayen nan popilasyon an, kote yo fè konnen se menm moun “dwa moun” sa yo ki mete ak Leta gangstè ki lakòz gang pouse tankou djondjon e pran an notaj tout popilasyon ayisyèn nan. Dayiti.

Pandan ke Fondasyon Je Klere ap mande revokasyon Komisè gouvènman Miragwàn nan, popilasyon an ap bat bwavo yon lòt bò pou aksyon Muscadin an ki lage muskad sou tout otorite, jounalis ak òganizasyon ki afilye ak gang.

Antouka, Muscadin reyitere volonte li pou kontinye batay kont kriminèl ki pa bay lavi moun enpòtans. “Depi se li menm ki toujou komisè gouvènman, depatman Nip ap toujou yon simityè pou bandi tout kriminèl”, daprè Chèf Muscadin ki pran responsablite yon parèy egzekisyon e yon sinyal klè pou montre tout bandi genyen moun ki pa pè yo.

Nap raple, aksyon komisè gouvènman an te leve plim sou do yon seri jounalis ki tap mande pou li mete dlo nan divin li! Antouka, nen pran kou, je kouri dlo!

Anpil moun rete kwè, nan yon peyi ki pa genyen lwa pou kidnapè ak gang; nan yon peyi ou jwen minis kidnapè ak bandi legal, se yon aksyon ilegal ki pou kontrekare yon fòs ilegal ou kriminèl. Muscadin pou anpil moun, plis sanble yon sitwàyen detèmine ki plis genyen konpasyon pou yon pèp ayisyen ki pa genyen ni zam, ni defans e kap mouri chak jou ki jou.

Enel Richard

Comments are closed.