Eboulman teren nan Petyonvil: 4 moun mouri nan yon sèl fanmiy

265

09\13\2020

Petyonvil____((TRiboLAND) Kat manm nan yon sèl fanmiy rive mouri nan yon glisman teren maten an byen bonè jodi dimanch 13 septanm lan nan lokalite Bout Chanpay nan Petyonvil.

Dràm ki bay anpil dlo nan je ak tristès, lakòz plizyè viktim, pami yo ou jwen: Maricile Latus, Maridia Célestin, Dony Alex et Dalto ki se 2 ti inosan.

“Se tout yon famiy ki disparèt nan yon bat je”, temwen vwazinaj ki tap kriye. Schneider Latus ki se pitit gason Maricile mete tèt ak bòpè li, Edner Célestin ki se inik moun ki arive chape nan eboulman an mete 2 men nan tèt ak rèl pou mande konkou ak supò otorite yo.

Comments are closed.