4 moun mouri, pami yo yon tifi 17 lane pandan yon operasyon lapolis nan Laskawobas.

02-13-2023
Sarazen, Mibalè, Ayiti____(TRiboLAND) Lapolis blese mòtèlman 4 bandi nan boukantaj kout zam pandan yon operasyon nan lanwit dimanch 12 fevriye pou rive lendi maten 13 fevriye 2023 a zòn Sarazen nan Mibalè, depatman Sant peyi Dayiti.
Daprè komisè gouvènman, Ronald Pierre, fòs lòd yo arive konfiske pandan operasyon an, yon fizi AR-15 ak 2 zam dezagreman, e yon machin nwa, mak Lexus arive rekipere. Akote 4 bandi ki tonbe yo, lapolis konfime enplikasyon yon jèn fanm 17 lane; alòske genyen yon blese ke yo transpòte lopital, daprè sa lapolis deklare.
Li enpòtan pou sinyale, se gras ak konplisite Komisarya polis Laskawobas ansanm ak fòs UDMO yo nan Mibalè yon parèy operasyon te arive reyisi.






