Premye jou lekòl: Ki sa yon pwofesè dwe konnen

0 433

Premye jou lekòl: Ki sa yon pwofesè dwe konnen

(TRiboLAND) Menm jan ak dènye jou lekòl, premye jou lekòl jeneralman se yon jou ki vital pou ane akademik lan. Anpil ekspè nan domènn edikasyon konsidere-l kòm yon jou kote pwofesè-a kouvwi e diskite avèk etidyan yo divès aspè: familiarize etidyan an avèk klas la e pozisyon kote pou yo chita; inisye aktivite pou chak elèv fè konesans avèk lòt; etabli règleman ak pwotokòl akademik.

Familiarize etidyan an avèk klas la e pozisyon kote pou yo chita

Menm si gen kèk elèv ki pa nouvo nan klas la, li enpòtan pou yon pwofesè pran kèk ti tan nan premye jou lekòl la pou fè yon ti tou nan klas-la menm avan elèv yo chita. Oryantasyon sa kapab ede etidyan yo vinn trè familye avèk inik aspè klas la tankou: ki kote kònè apwantisaj yo ye, ki kote travay elèv yo ap ekspoze, ki kote materyèl yo ye, e ki kote ki pi sekirize nan klas la.

Onivo aranjman pou chita, fè etidyan yo konnen ki kote plas yo rezève (mete yon vinyèt ki enskri non yo si nesesè) oubyen ba yo opòtinite pou yo fè chwa ki kote yo vle chita menm lè apwè ou ka pwan lòt mezi estratejik si nesesè. Fè yo konnen ke plas kote yo chita-a, li definitif pou tout ane-a.

Inisye aktivite pou chak elèv fè konesans avèk lòt

Yon pa ki enpòtan nan premye jou lekòl la, se entwodwi tèt ou kòm pwofesè. Byenveni elèv yo nan klas la, e kòmanse pa ede yo konnen youn lòt (yo kapab di trè kout ki moun yo ye, ki kote yo abite, ki sa ke yo genyen trè espesyàl nan yo, e ki sa yo pi renmen nan nenpòt domènn). Gen anpil fason ou kapab fè sa, swa fòmèl oubyen enfòmèl.

Nan maten, nan antre klas la, pwofesè-a dwe rete kanpe bò pòt klas-la pou li akeyi etidyan yo e entwodwi tèt li pa egzanp, “Alo bonjou! Non mwen se Msye oubyen Madam……… Byenveni nan klas mwen”.

Elèv yo kapab entwodwi tèt yo plizyè fason, sa depann de desizyon ou kòm mèt klas la. Sa ka fèt: ede elèv la kanpe devan klas pou li entwodwi tèt li e fè li konnen ki sa li dwe di. Yon lòt kalite entwodiksyon kapab fè avèk non yo ki sou vinyèt la pandan yo chita onbyen pandan yon fòme yon sèk.

Etabli regleman ak pwotokòl akademik

Enplemantasyon règleman klas la, se youn nan eleman ki kapab rann yon klas fonksyonèl. Disiplenn se yon pasaj oblije pou fasilite bònn mach apwantisaj la. Diskite regleman yo e bay egzanp oubyen fè yon ti dramatizasyon. Kreye jèsti oubyen sinyàl ak dwàt oubyen mouvman ki asosye ak sa ki asèptab oubyen inasèptab (regilasyon, routenn, règleman, deplasman otorize, pwotokòl eksetera).

Leave A Reply