Lapolis nan komisarya Santral Leyogan touye yon prezime bandi e arete 2 lòt epi demantle yon rezo gang.

1,027

05-30-2023

Leyogann, Ayiti____(TRiboLAND) Yon prezime bandi mouri, 2 lòt jwen arestasyon yo, yon rezo gang demantle epi yon sitwayen jwenn liberasyon li aprè ke bandi te kidnape depi 3 me pase a, se rezolta yon operasyon tranble janm lapolis mennen nan lannwit lendi 29 pou louvri madi maten 30 me 2023 pase a.

Kout file a fèt nan komin Leyogan, nan katye Kafou Difò, lokalite Bodelin, selon ajan ekzekitif enterimè a, Henry Erson ki konfime nouvèl la.

Majistra enterimè a, Erson presize nan menm kad operasyon sila a, lapolis libere yon otaj ki rele Senéus Wadner bandi te kidnape, kote ravisè yote reklame 300 mil dola blan meriken yon pa, 200 mil dola ayisyen yon lòt pa, daprè sa 1e sitwayen enterimè a, deklare ke fanmi otaj la ta rapòte li.

Majistra Henry Erson solisite kolaborasyon popilasyon an, yon fason pou rive dechouke rezo gang yo kap simen la twoublay nan mitan fanmiy ayisyèn yo.

Comments are closed.