RNDDH denonse konpòtman lwijan boje polisye UDMO yo nan sit-in 29 jwen 2020 an

427

Pòtopwens____(TRiboLAND) Rezo nasyonal pou defans dwa moun (RNDDH) denonse ak tout fòs li konpòtman lwijan boje fòs entèvansyon pou mete lòd yo fè yè lendi 29 jwen 2020 an kote ke yo antre san onè e kraze ak lanse bonbon gaz lakrimojènn nan tout direksyon alòske tout bagay tap dewoule avèk kalm san dezòd.

RNDDH estime li tout afè nòmal pou sitwayen anndan peyi a eksprime enkyetid yo sitou nan 2 dènye mwa ki sot pase la yo, genyen o mwens 54 moun ki viktim anba ensekirite nan peyi a. Li enpòtan pou tout moun leve kanpe pèzibleman pou di non ak dezòd jeneralize sa ki soti pou retire tout dwa ke yo genyen.

Rezo a mande pou gwo Alatèt PNH la pran responsablite l ak mezi adekwàt pou mete yon ola nan konpòtman inasèptab polisye UDMO yo ki pa fè onè enstitisyon.

Comments are closed.