Yon operasyon lapolis ap pran chè nan moman sa nan Tòsèl

1,312

02-12-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Selon yon nòt lapolis lage deyò jodi dimanch 12 fevriye a, genyen yon operasyon kap pran chè nan moman sa nan Tòsèl, youn nan basyon gang ki devni depi kèk tan yon kastèt pou fòs lòd yo.

Enfo yo ta fè konnen, operasyon tranble janm sa vize pou mete bòy nan pwa chèf gang Tòsèl la ak tout makrèl malfektè yo ki enplike ragagann nan zak kidnapping asasinay polisye detounman kamyon machandiz ak vòlè machin.

Antouka, sa gen yon bon bout tan plizyè fòs inite nan lapolis la ap miltipliye bwas e menm arive antre nan 5 mèt 50 chèf gang Vitelhomme Innocent. Selon lapolis, yo arive poze lapat sou yon seri ekipman lapolis ke bandi yo itilize pouf è zak kidnapping tout kalite. Anplis, lapolis deklare ke li jwen egalman yon dwònn, yo kraze e pran kontròl plizyè lokasyon ke bandi kriminèl Vitelhomme yo te akapare.

Comments are closed.