Anmwey, pote sekou! Se kri kè Kazèk Pierre Markes Dorlus pou problèm dlo nan 3èm seksyon kominal Bomon

220

02-12-2023

Bomon, Kasanèt, Ayiti____(TRiboLAND) Problèm dlo potab pou moun kap viv nan 3 seksyon kominal yo nan Bomon selon sa kodonatè konsèy administrasyon Kasanèt lan mesyé Pierre MARKES Dorlus konfime bay TRiboLAND kòman fanmiy yo ap pran lanm nan gro mizèrere pou arive jwen ti gout dlo lajounen nan rejyon an.

Kazèk Dorlus ale pi lwen pou di, bagay ki rele lapli a, yo pa konnen ki dènye fwa popilasyon an viv sa. Lavi anpil sitwayen te toujou akse sou lawosaj lapli; konsa, depi kèk mwa se nan rèv moun wè lapli. Se konsa, sa lakoz ni zannimo yo kou kretyen vivan genyen gro difikilte pou reziste anba fenomèn secherès, gratèl, dyare, ak lòt maladi kap bale wouze patikilyèman nan kominote bomontwaz lan.

Fas a tout kalite pwoblèm ak kalamite sa yo, moun sitou ki pa genyen moyen tchotcho, ap mande otorite nan leta a ak òganizasyon imanitè yo pou voye je gade moun yo nan 3 seksyon komin Bomon ki menase e kap naje nan yon sitiyasyon dramatik.

Comments are closed.