Pwotektè sitwayen a, Mèt Renand Hédouville (OPC) mande CSPJ pou travay sou kontestasyon majistra ki pa sètifye yo

1,245

02-12-2023

Pòtoprens, Ayiti ____(TRiboLAND) Pwotektè sitwayen an, Mèt Renand Hédouville, mande Konsèy Siperyè Jidisyè a (CSPJ) pou l egzamine kontestasyon majistra ki pa sètifye yo, ou sa yo ki genyen ti problèm onètete ak dekoupe lèt ak dlo.

Plizyè majistra ki pa sètifye yo eksprime doleyans yo bay Biwo Pwoteksyon Sitwayen an (OPC), aprè piblikasyon 16 janvye pase a, desizyon CSPJ ki gen rapò ak dènye operasyon sètifikasyon yo. OPC fè konnen ke desizyon CSPJ a eksite divès reyaksyon. Gen moun ki aklame li, lòt ki kritike pwosedi ak pratik ki aplike nan nivo CTC a ki vyole sèten dwa fondamantal moun.

Kidonk, OPC di li vle abòde pwoblèm nan, nan lide pou transparans, jistis ak yon apwòch ki baze sou dwa moun. Li raple “absans rekou a konstitye yon vyolasyon dwa pwoteksyon jidisyè, dwa pwoteksyon onè ak entegrite, ak dwa defans daprè Atik 8, 9, 11 ak 25 Konvansyon Amerikèn sou Dwa Moun ke peyi Dayiti ratifye”.

Enstitisyon k ap dirije anba direksyon aktivis dwamoun nan, Renand Hédouville, eksprime volonte l pou l pran tout dispozisyon ki nesesè pou majistra ki pa sètifye yo gen posiblite pou yo konsilte dosye yo pou yo enfòme sou reyalite pou ki yo repwoche.

Sepandan, anpil kritik kalifye konpòtman OPC kòm reselè kraze nan bouyon. Yo estime ke yo pa trò santi OPC nan pran defans yon kolònn moun ke “manje ranje jidisyè”, ‘machann jistis” sa yo eksplwate e menm fè abi nan detwi JISTIS peyi a. Konsa, yo mande ki lè pwotektè Hédouville ap pran defans dwa viktim yo, peyi a, yon fason pou retire kòronpi tout kalite ki kontribye nan efondreman sistèm jidisyè peyia nan figi moun.

Nan sans sa, kritik yo ale pi lwen pou ta deklare ke: sa yo ki pa menm sètifye e ki genyen men yo tranpe nan kòripsyon ragagann ta dwe jounen jodia dèyè bawo. Ke OPC defann dwa tout kouch moun pandan lap kite netwayaj sistèm JISTIS peyia fè chemen’l.



Comments are closed.