Fèt patwonal Chapèl Janklè fete an gran panpan jounen 11 fevriye 2023 a.

1,072

02-12-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Fèt patwonal Notre Dame de Lourdes chapèl Janklè 4èm seksyon Rivyèdèba selebre samdi 11 fevriye 2023, an prezans otorite lokal yo ak diferan enstans nan sosyete sivil la.


Reveran pè Honoré Julio nan womeli sikonstans lan, ensiste sou sitiyasyon pèp Janklè a bandi te fè pati kite zòn nan pou al pran imilyasyon nan men moun lavil yo, pandan richès yo ap gate lakay. Li kontinye pou l di, anpil moun pat nan zòn nan sa lakoz yo pran pwodwi yo bon mache epi yap achte chè, lè sa sitiyasyon lavi yo vin konplike, sitiyasyon lavi yo vin chanje; moun sa yo kite granèg lakay yo,vin pi pòv pase yon pòv mandyan.

Reveran pè Honoré Julio mande pèp la pou yo fòme yon kominote model, kote youn ap veye sou lòt. Lè gen yon pwoblèm se ansanm pou l rezoud. Kesyon chak koukouw klere pou je’w la, pap bay oken rezilta. Pa kanpe gade pou n kite bagay yo dejenere twòp paske si bab kamarad ou pran dife se mete pa’w ala tranp.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.