Waldeck Marcelin denonse enkoerans ansyen senatè Jean Baptiste Bien Aimé ansanm ak tout minis Nesmy Manigat

803

02-12-2023

Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou mesye Waldeck Marcelin akòde “Libète Enfo”, li denonse ansyen senatè Jean Baptiste Bien Aimé kap patisipe nan manifestasyon kont ensekirite Fòlibète pandan lap fè promosyon pou kanaval Wanament.

Kondonaté RDNP a ki fè konnen se avèk anpil etonman lap swiv ansyen senatè a kap patisipe nan manifestasyon kont ensekirite nan Fòlibète, kote l mete dispozisyon l nan òganize kanaval nan Wananment. Daprè Lidè a, lè n konnen kòman Wananment sal tankou peny ti dan e ke pa gen wout vrèman ki ka reponn ak egzijans kanaval.

Waldeck Marcelin, tou pwofite pase pran minis Edikasyon an, Nesmy Manigat pou l di minis la, lap envesti nan kanaval pandan lise René Theodor pa gen kantite ban avèk yon espas ki konfòm pou elèv yo aprann.

Waldeck Marcelin deklare li pa gen okenn problèm avèk ansyen senatè a, men fòk li wè ke se mal lap fè sosyete ayisyèn nan.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.