Sosyetete Kiltirèl Jèn Ayisyen (SOKIJA) òganize 2 jounen fòmasyon pou reflechi sou aktivite ak avni asosyasyon an depatman Nòdwès la

818

01-08-2023

Pòdepè, Ayiti_____(TRiboLAND) Sosyete Kiltirèl Jèn Ayisyen (SOKIJA) reyalize yon seri atelye refleksyon sou aktivite ak avni asosyasyon an, nan depatman an soti 7 pou rive 8 janvye 2023 a.

Nan premye jounen deba yo, te genyen plis konsantrasyon sou regleman entèn ak estrikti asosyasyon an, answit evalye ak reflechi sou avni assosyasyon an; anplis, reflechi sou dire komisyon yo kòm : transfòmasyon pwodwi, edikasyon popilè, teyat, mizik angaje, atizanal, ak komisyon dans tradisyonèl la.

Nan dezyèm jounen an deba yo te santre sou rapò finansye yo ak prezantasyon aktivite yo epi nouvèl pèspektiv pou ane a.

Pou klorire asanble a,  ak yon anbyans sòlòkòtò kiltirèl ki te mete tout moun anmouvman nan moman yo tap pataje souvni epi pran foto.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.