Polis minisipal nan komin Senlwidinò mete anba kòd 2 nan endividi ki te vandalize meri a

07 – 29 – 2024
Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Ajan polis minisipal yo mete anba kòd 2 prezime bandi kote yo ta fè kwè nèg sa yo te patisipe nan zak vandalize meri Senlwidinò a, nan mwa novanm 2023 a.
Doudy Tatal Sineus ak Makendy Tatal Joane Fils, se 2 nèg yo akize ki te nan tèt manifestasyon ki te vandalize meri a Senlwidinò a. Manman Doudy Tatal Sineus temwanye ke li te wè pitit li te antre nan kay la ak aparèy elektonik yo vre, li te menm avize kazèk seksyon an pou li montre inosans li nan sa kap pase a. Yon lòt kote, manman Doudy konfime li te achte yon moto pou Douby te al travay, misye vann moto a e prefere al fè move aksyon.
Fòn raple w nan mwa novanm 2023 a, bandi malfwa yo nan komin Senlwidinò te vandalize meri a; yo kraze machin, pote ale tout materyèl pwoteksyon sivil te posede pou yo te fonksyone.
Pou koulya 2 mesye sa yo ap reflechi nan komisarya Senlwidinò, pandan ke lajistis ap tranche sou dosye a.






