Finalman Travo Piblik antreprann ekzekisyon yon pwojè revètman wout nan ri lama ak Desalin nan vil la Tigwav

1,261

02-11-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Travo piblik branch rejyon gwavyènn tanmen ekzekisyon yon pwojè revètman wout nan ri Lama ak Desalin samdi 11 fevriye 2023 a nan vil Tigwav.

Se yon pwojè travo piblik transpò ak kominikasyon ap ekzekite anba lobedyans fim COACO kap asire depozisyon mete asfat la selon Direktè rejyon an, Enjenyè Franck Celestin.

Kèk rivren ki tap reponn kesyon TRiboLAND sou bò pa yo, felisite otorite yo nan leta a ki resi panse pou rive retire yo nan pousyè ak labou yo te trouve yo depi yon bon bout tan. Sitwayen yo ki fè konnen ke yo tap soufri lontan pou kesyon wout sila a; yo akeyi yon parèy inisyativ ak 2 bra louvri, sepandan yo swete leta a mete 2 kouch asfat ki pa rapyese yon fason pou pèmèt wout la pi dirab.

Nap fè remake, rezidan yo kritike responsab yo nan leta a, yo di kap mete “asfat pap padap” sou sòl la aloske rigòl yo pa netwaye, yo krent pou si ta genyen yon gwo lapili ki tonbe aswè a, pou dlo pa pote ale asfat la nan lanmè.

Nap raple egalman, se yon pwojè ki te dwe ekzekite depi nan mw dawout 2022 pase a, akòz tibilans politik, te anpeche reyalizasyon pwojè a daprè Direktè Franck Celestin.

JOICY Arnold

Comments are closed.