Gang san sal kidnape propriyetè Radio RC FM ak 2 lòt moun nan Mibalè

742
0
Share:
TRiboLAND

Mibalè, Ayiti_____(TRiboLAND) Sitiyasyon sekirite a kontinye ap baleye vil Mibalè; fwa sa se kidnapping propriyetè Radio lokal RC FM nan, Roger Claudy Israel ak tout frè li ki se Marco Israel ak tout yon chofè ke sangwen sansal yo genyen anba men yo.

Enfòmasyon yo ta sijere ke kriminèl zèl sapat “Viv Ansanm” yo te viktim yo pou ajan BSAP, yon anlèvman ki soulve anpil laperèz ak tranble janm nan mitan popilasyon Mibalè ki toujou anba gro enkyetid ak konfizyon.

Jiska prezan, bandi yo pa ouvwi oken pòt negosyasyon ak fanmiy viktim yo ki pa konnen ki sen pou yo rele. Nap sinyale, komin Mibalè nan dènye jou sila yo, rete youn pami lokalite ke Leta koupyon ou reselè ta livre bay gang mikròb yo.

Share:

Leave a reply