Sen Domeng: Ajan imigrasyon yo ap mache pwan moun avèk raj nan tout bout kwen

210
0
Share:
TRiboLAND

Sen Domeng__(TRiboLAND) Direksyon imigrasyon nan peyi Repiblik Dominikènn ap mache pwan avèk raj etranje illegal atravè tout peyi-a. Nan yon espas de 2 jou, yo deja mete an bwanl plis pase 30 vil nan 15 pwovens.

Dirèktè imigrasyon an, Maximo William Munoz deklare ke akoz gwo operasyon ki deklentche yo, yo arive poze la pat sou plizyè douzènn etranje illegal, pi fò nan yo se sitwayen Ayisyen.

Pi lwen, dirèktè-a bat bwavo pou bon travay Fòs Lame dominikènn nan fè ansanm ak Ministè Lajistis e gouvènè nan divès pwovens yo ki te anmezi pou detekte yon seri ilegal ki vyole Lwa 285-04 ki se manman vant sistèm imigrasyon dominiken an.

Otorite yo ajoute, dènye kout sènay arestasyon illegal yo ke yo fè nan dènye èdtan yo, te opera plis nan zònn riral ak iban nan Santiago, Puerto Plata, San Francisco de Macorís, Moca, La Vega, Higuey, Montecristi, Azua, Bani, San Cristóbal pou site sa yo sèlman.

Share:

Leave a reply