Yon gwoup manifestan soude Pòt meri Tèryewouj la

1,428

09-16-2022

Tèryewouj, Ayiti __(TRiboLAND) Nan kad mouvman manifestasyon kap fèt nan divès kwen anndan peyi a, popilasyon an soude ou kadnase pòt meri Tèryewouj la maten vandredi 16 septanm 2022 a.

Yo te yon latriye ki te pran lari byen bonè nan maten pou proteste kont malfezans ekonomik ak apezman sosyàl fo pistach; e yo tap lanse anpil pawòl piman bouk kont dirijan atoufè ki efondre peyi a.

Konsa, gwoup manifestan an arive fèmen munisipal komin Tèryewouj la e mande leta koupyon an pran responsablite l nan sak ap pase nan peyi a; demisyon Ariel Henry san kondisyon, se kèk pami revandikasyon popilasyon an, menm jan sa ap fèt nan tout rès peyi a.

Nap raple sa fè plizyè jou depi sikilasyon an toujou paralize nan zòn Teryewouj.

Jn Simon Manex


Comments are closed.