Minis Komès ak Endistri dominiken an ap fè wont sèvi kolè! Ou pa genyen kè, pa jwe poke!

1,144

10-10-2023

Popilasyon ayisyèn nan mande endistriyèl dominiken yok ap kraze Ayiti a, genbe malpwòpte yo lakay yo. Yo ale pi lwen pou yo mete nan bòl gouvènman Luis Abinader la ki foure tèt li nan twou e pi li wont sòti.

Pou anpil ayisyen, Luis Abinader pa genyen kran; se yon moso gouvènman kap afiche gwo gaf diplomatik pandan lap anbarase pwòp tèt pa li nan yon desizyon timoun piti mal kalkile, san li pa antisipe kòman lap sòti. Obsede avèk raj pou fè sòti konpòtman kriminèl rasis ou sou devlope a, Luis Abinader pakap ouvè koulwa imanitè pou Ayiti, alòske plizyè ti bebe ayisyen mouri dwòl nan yon kondisyon sispèk lakay li.

Pandan minis komès ak endistri repiblik dominikèn, Victor “Ito” Bisonó, youn nan antite ki kontribye nan efondre ekonomi agwikòl peyi Dayiti, itilize yon pakèt vye trik avèk anpil wont, lè li anonse ouvèti fontyè ke yo te di yo pap ouvè jiskaske kanal la kanpe.  Byen konte, malkalkile, pèp ayisyen, pito deklare ke fontyè lakay li pap ouvwi pou komès zam ak malpwòpte anpwazone dominiken pa antre lakay yo. Anplis, pat janm genyen kòmès bilateral vrèman ant dominikèn ak Ayiti.

Ke chak moun rete nan limit yo. Otorite dominikèn twò awogan nan konpòtman rasis yo ki rete kwè ke ayisyen se moso moun e yo dwe trete yo pi mal ke ensinifyan. Nan sans sa, anpil nan sitwayen ayisyen yo estime, gouvènman Abibi a, ap pèdi plim anba gwo pwesyon yon seri komèsan dominiken ki pa kapab dekoule machandiz anpwazone yo nan peyi Dayiti.

Fontyè lòt bò peyi Dayiti a dwe rete fèmen, annatandan pou tout sa ki genyen pou wè avèk relasyon ant repiblik dayiti ak repiblik dominikèn revise ou modifye; paske se youn ou 2 move tretman, vyolasyon, vagabondaj, racism, vòl sou pwopwiyetè ayisyen, otorite dominikèn yo afiche.

Enel Richard

Comments are closed.