Yon Polisye kenyan touche ak bal nan moman te gen afwontman ak yon group bandi ki tap detounen yon kamyon

154
0
Share:
TRiboLAND


07 – 30 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ______(TRiboLAND) Yon polisye kenyan blese ak bal nan moman yon patwouy te al pantan sou yon group bandi kap dechèpiye yon kamyon diri, aprèmidi madi 30 jiyè 2024 la nan zòn APN.

Daprè yon kominike misyon miltinasyonal soutyen an sou kont X yo; polisye a blese nan zepòl goch nan moman yo te angaje nan echanj kout bal ak bandi sangwen yo.

Gras ak vijilans lòt polisye nan yon backup, polisye ki blese a te transpòte an ijans lopital pou pran swen nesesè. Daprè menm kominike a, malfwa yo touye chofè kamyon an ak yon rakle katouch.

Share:

Leave a reply