Ofisye Eta Sivil Wanament la, Antonio Monpoint denonse yon rezo mafya kap founi fo dokiman

1,093

02-09-2023

Wananment, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon ti pawoli ke li tef è, Ofisye Eta Sivil Wanament lan, Antonio Monpoint denonse yon rezo mafya kap founi fo dokiman e ki gen baz yo nan peyi Dayiti sitou nan Wanament ak nan Repiblik Dominikèn nan zòn batey yo.

Rezo sila yo ki espesyalize nan founi fo dokiman idantite pou fasilte yo aplike nan pwogram ki rele PROGRAM IMANITÈ Prezidan Biden ofri pou migran kap sòti nan peyi Dayiti, KIBA, NIKARAGWA, ak VENEZWELA pou kapab rantre Etazini.

Responsab biwo Leta Sivil Wanament lan fè konnen rezo mafya ayisyen sa ap itilize dokiman biwo Eta Sivil lap dirije a pou livre fo “batistè”, fo “so” ak fo “siyati” li kòm Ofisye; yon pratik daprè Ofisye a ki merite frennen paske’l pa responsab de fo dokiman idantite rezo mafya sa ap livre nan non Leta Ayisyen. Konsil Dajabon nan, François Guerrier deja enfòme de rezo raketè sa.

Ofisye Eta Sivil la presize pou’l di: anplwaye nan biwo lap dirije a pa fè pati rezo mafya sa kap livre fo dokiman yo. Li deja drese rapò bay siperyè li e li depoze plent nan tribinal depè Wanament la epi enfòme biwo konsila a nan Dajabón sou rezo sa yon fason pou mete malfra yo anba kòd.

Li enpòtan pou soulinye ke Repiblik Dominikèn pa nan PROGRAM IMANITÈ sila.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.