Pòdpè : Yon Manman akouche yon triplet nan Lopital Imakile Konsepsyon

1,277

02-10-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLAND) Madam Marie St-Phare, se non yon manman ki akouche yon triplet nan Lopital Imakile Konsepsyon nan pi gwo sant ospitalye depatman Nòdwès la.

Swit ak vini 3 nouvo ne sa yo sou tè a, yon fi ak 2 gason, fanmiy la kontan paske akouchman fèt san manman pa bwave gwo danje. Men yon lòt bò, pwoblèm fanmiy lan ogmante pirèd, lè nou teni kont chète lavi a ki difisil nan peyi Dayiti; anplis pran swen timoun se yon bagay ki koute tèt nèg.

Daprè Madam Stenor, yon pwòch fanmiy lan, paran yo ap chèche solidarite tout moun ki gen bòn volonte pou ede yo ak timoun yo paske etap sa se yon etap ki difisil pou yo anpil. Sitou yo gen lòt timoun pou pran swen, alòske se pa sa yon te espere jwenn.

Nap raple, sa pa genyen senk jou depi yon lòt fanmiy nan depatman Grandans lan bay yon triplet nesans egalman.

Comments are closed.