Popilasyon Gran Gwoàv leve kanpe kont yon Majistra ki soti pou vann yon plaj piblik

0 268

PÒTOPWENS__(TRiboLAND) Ayè Jedi-a anpil moun nan Gran-Gwoàv manifeste devant Pakèt Ti-Gwoàv-la kont Majistra Gran- Gwàv la ki ta sanble vann yon plaj piblik ki nan zònn Ti Paradi a yon senp sitwayen.

Bagay sa ki leve plim sou do manifestan yo, pat amenaje bouch yo a landwa Komisè Gouvènman an, Majistra-a, e sitwayen ki achete-a. Konsa, manifestan yo estime kou sa pap pase; yo menm nan Gran Gwoàv, yo konnen enpòtans yon plaj piblik sou plan touristic e ki alafwa yon byen kominotè ke pèsònn pa ka detwi oubyen vann li.Kidonk, yo jire ke yap kanpe an kwa ak afè-sa jiskaske Majistra-a retounen sou desizyon-l.

Antouka, se pa menm bagay pou vil Pòdpè, kote ke yon Majistra ki pat konnen valè ou enpòtans yon sipèb plaj piblik “Chalèt”, yon veritab stasyon balneyè ki te inik plàs de detant pou popilasyon Pòdpè-a, te arive vann espas sa-a ak yon seri etranje san otorizasyon popilasyon-an. Majistra sa finn komèt gwosè aksyon sa-a, li vire do-l, pèsònn moun pa janm di anyen sou sa, pa menm pouswit legal ki te anvisaje yon fason pou popilasyon-an te rekipere plaj-la ki te yon mèvèy ke moun san visyon pap ka arive valorize!

Bwavo moun Gran Gwoàv! Gen yen anpil espas nan yon sosyete, se yon seri patrimwònn sakre ke yo ye. Menm Desalinn kite papa nasyon-an pat ka pèmèt li fè vye tranzaksyon aryere ak yon trezò natirèl ki make detant vakans, distraksyon, sediksyon touristik, lwazi dete, natasyon anfantinn jivenil, fyète kapwaz de yon pakèt jenerasyon jenès! Nou rete kwè, Majistra-a Pòdpè-a te arive pwan yon parèy desizyon se petèt nan nivo ke li te konpwann mond lan!

Leave A Reply