Premye match sou nouvo teren basket Plas Sen Monfò a reyisi.

835

04 – 01 – 2024

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Aswè dimanch 31 mas 2024 la, Mèt Sony Cadestin, Ing Widler Petit nan tèt kole ak Komite Lokal Pilotaj la, reyisi premye match sou teren baskèt Plas Sen Monfò a.

Nan yon match amikal ki te fèt anba obsèvasyon plizyè dizèn moun, Team Saint Montfort genyen Team Hollywood 49 a 48. Yon match ki kòmanse e fini san oken ensidan, ak anpil satisfaksyon bò kote ekip yo, ak asistans lan.

Resamnan inogire, se premye aktivite ki reyisi sou teren basket Plas Sen Monfò an. Komite CLP a, nan tèt kole ak Komite baskèt la, ap kontinye travay pou pèmèt chak weekend genyen match sou plas la.

Comments are closed.